Si w gen ti pwoblèm pou w achte, swiv etap sa yo len apre lòt pou w ka achte pwodui w vle a.
- Apre w fin jwenn pwodui ou renmen an nan lis pwodwi ki disponib yo, wap klike sou li.
- Answit wap klike sou ajoute nan panye a
Si w gen lòt pwodui wap achte ankò, wap refè menm etap sa yo ki pi wo a
Lè w fin chwazi pwodwi ou pral achte yo, wap klike sou ti desen valiz la anlè a dwat
Apre wap klike sou
kòmande
Answit wap ranpli tout fòmilè a, pa kite okenn kaz vid. Nan dènye kaz la ou ka mete yon kòd bonis si ou genyen, sinon ou ka mete nenpòt sa w vle.
Apre w fin ranpli fòmilè a, wap desann pi ba, si gen pwodui ou vle achte plizyè nan yo, wap klike sou ti siy plis la pou w ajoute lòt sou kantite w te deja genyen an.
Apresa wap chwazi pa ki mwayen wap peye. Ou ka chwazi MonCash ak NatCash, PayPal oswa Peye an likid lè ou resevwa pwodui a.
Apresa wap klike sou
konfime kòmand la.
Apre w fin konfime kòmand la, wap klike sou
plase kòmand la.
Wap eskane QR code ou wè pi ba yo pou w voye kòb la swa pa MonCash oswa pa NatCash. Oubyen wap itilize nimewo NatCash oswa MonCash nou ba w yo pou w ka voye kòb la. Wap voye kantite kòb ki afiche nan
grand total pa anlè nan paj ou ladan'l la. Si pwodui wap achte a pap nan livrezon, wap voye premye
total ki afiche pa anlè paj la san okenn frè livrezon.
Lè w fin voye kòb la, wap pran I
D kòmand la ki nan menm paj la pa anlè wap kopye l jan l ye a san manke yon chif.
Wap ale nan mesaj MonCash oswa NatCash voye ba w lè w fin voye kòb la, wap kopye ID tranzaksyon an san manke yon chif:
Wap antre ID kòmand la ak ID tranzaksyon an nan ti fòmilè ki pi ba nimewo MonCash ak NatCash nou te bay yo.
Anfen wap klike sou Envoyer.
Apre yon ti tan wap resevwa yon email ki konfime w ke kòmand ou a pase avèk siksè.
Si tout fwa ou te antre yon move ID kòmand ou/ak yon move ID tranzaksyon, ou ka toujou revoye yo bay nou pa email nan
marketmwen@gmail.com
Si w gen lòt pwoblèm sou sit nou an, al jete yon kout je nan
paj èd nou an.