Pou w afiche pwodui w sou Market Mwen, swiv etap sa yo len apre lòt:
- Wap ouvri Gmail oubyen nenpòt lòt aplikasyon email ki sou telefòn ou, oubyen klike sou poste yon nouvo pwodwi
- Answit wap klike sou ti desen kreyon an pou w ka ekri yon nouvo mesaj
- Kote ki ekri To oubyen à, mete adrès email Market Mwen an marketmwen@gmail.com (klike sou imaj yo pou w ka agrandi l)
- Pi ba mete foto pwodui a, pri pwodui a ak lòt detay sou pwodui a.
- Anfen klike sou ti triyang ki anlè ekran an pou voye mesaj la ale.
Depi w fin swiv etap sa yo, pwodui w la ap afiche nan yon ti tan apre nou fin analize pwodui a.
Si w gen difikilte pou w poste pwodwi w, kontakte nou.






