Nenpòt moun ki gen pwodui pou vann ka vann sou Market Mwen. Men fòk li respekte sèten kritè anvan nou kalifye l kòm yon vandè sou Market mwen.
Kondisyon pou w vann sou Market Mwen
Men ki kondisyon pou w respekte si w ta vle vin vann sou Market Mwen
- Asire w ke wap fè livrezon pwodui yo bay kliyan nan mwens tan posib
- Aksèpte vann kliyan pwodui a ak yon garanti 7 jou. Garanti sa pa aplikab pou pwodwi alimantè. Ou ka li plis enfòmasyon sou garanti ak ranbousman nan politik ranbousman nou.
- Aksèpte nou touche nan men kliyan lè li pase kòmand la sou sit la, answit pou nou transfere kòb la ba ou nan kowòdone pèman ke ou te founi nou a.
- Aksèpte pou w bay kliyan yon lòt pwodui si w te vann li yon pwodui ki gen defo e ke peryòd garanti a poko fin ekoule.
- Aksèpte nou touche 5% nan pri pwodui ou vann sou sit la.
- Pri livrezon fikse a 250 HTG. Men li posib pou nou modifye l selon tandans sosyo-ekonomik peyi a. Si li pa nan avantaj ou ou ka fè nou konnen sa pou nou eseye aranje sa.
Si w aksepte tout kondisyon sa yo, ranpli fòmilè sa pou w ka kòmanse vann pwodui w sou Market Mwen :


